**

martes, 28 de junio de 2016

Depite yo mete echap yo tèt anba pou yo fè maji, jete prezidan Jocelerme Privert

Selon yon seri depite, yo toblije pase echap la tèt anba pou te kapab fè sa yo te bezwen fè a, yon gwo Ougan deklare ke se mèyè fason pou yo kapab jete Privert, se bagay sa depite yo t'oblije fè pou jete prezidan Privert.

clike sur ok video

lunes, 27 de junio de 2016

Plizyè Masisi deklare ke y'ap sipote Jovenel Moise




Plizyè masisi nan poto prens deklare ke y'ap sipote Jovenel Moise paske se Tet Kale ke yo ye.  Masisi sa yo soti nan diaspora, di ke yo te vin vote Martelly jodia pote sipo yo bay Jovenel Moise jan ke yo te fè pou Michel Martelly.

klike la OK

Selon Jovenel Moise, se fòse PHTK fòse'l vin patisipe nan eleksyon an!


Jovenel Moise tap pale sou yon radio maten an, li deklare se fòse ke yo fòse nan yon deklarasyon ke li fè konsa.

Mwen te vle pran yon desizyon men mwen pa chwazi fè moun ki te chwazim lan wont se pou rezon sa ke mwen chwazi ale nan eleksyon an. Mwen reyalize ke se demagoji kap fèt, mwen prezidan deja, yo chwazi fè'm ale nan yon lòt tou, paske yo estime ke mwen soti twò lwen.

Mwen chwazi pa fè mesye Martelly wont, paske li te fè chwwa de mwen, se pou rezon sa mwen deside kontinye jiskobou, pou mwen ranpote eleksyon an.

Mwen menm ak PHTK  nou pral travay ansanm pou nou devlope yon lòt estrateji.

Konsa Jovenel Moise t'ap pale sou yon stasyon nan kapital la, sou zafè eleksyon an, kote lavi fanmi li menase, anpil jounen jodi a.

martes, 7 de junio de 2016

Jovenel Moise tap travay avè'm, mwen pa ka yon anti



Moise Jean-Charles deklare maten ke li pa anti Jovenel li vle selmam yo aplike sa komisyon an mande a.

Li kontinye poul pwouve kel pa yon anti Jovenel, paske se mwen ki te premye bay li travay.

Koman fè se jodia kem ta yon anti?
Jovenel kite yon kowonpi potel ale, pou yon jaden bannann jodia li santil nan lapèn, paske zak sa yo, se Haiti kap peye yo.

Ou wè li, Haiti se yon peyi endepandan, fok Jovenel ak Martelly pa kwè Haiti se pa yo.